Tout moun k ap itilize sèvis yon pwofesyonèl ki gen lisans nan Eta Nouyòk la gen dwa legal pou li...
Resevwa bonjan sèvis pwofesyonèl.
Verifye kalifikasyon pwofesyonèl ki gen lisans yo, chèche konnen non ak tit mopun ki gen lisans pou yo bay moun sèvis pwofesyonèl.
Jwenn bonjan esplikasyon sou kalite sèvis yo ofri ak kantite lajan sèvis sa yo koute.
Refize resevwa yon sèvis.
Konnen ki kalite dosye yo kenbe sou kliyan yo, li gen dwa legal pou li kouman yon kliyan kapab jwenn kopi dosye li. Li gen dwa pou li konnen lalwa pa pèmèt yon pwofesyonèl bay enfòmasyon pèsonèl sou yon.
Pote plent bay Depatman Edikasyon Eta Nouyòk la sou yon pwofesyonèl ki gen lisans oswa yon moun ki san lisans.
Anplis, si w enfim, yo kapab fè aranjman ki rezonab pou w kapab resevwa sèvis pwofesyonèl ou bezwen si w mande sa.
Nou ankouraje w chwazi pwofesyonèl ki dakò avèk deklarasyon sa yo, epitou ki:
- Trete w avèk respè ak koutwazi.
- Esplike w tout chwa w genyen ak konsekans yo; epitou yon pwofesyonèl ta dwe di w tout lòt sèvis ki kapab nesesè ak tout lòt sèvis li kapab rekòmande w.
Si w genyen kesyon sou dwa sa yo, si w bezwen plis enfòmasyon sou sèvis pwofesyonèl kapab bay, kontakte:
New York State Education Department
Office of the Professions - Education Building, 2nd floor
Albany, NY 12234
Sèvis Konsomatè: (518) 474-3817 Fax: (518) 474-1449
Plent Pou Negligyans Pwofesyonèl: 1-800-442-8106; conduct@nysed.gov
(Si nou genyen plent kont nenpòt doktè, oubyen asistan doktè oubyen asistan espesyal, nou
dwe rele Departman Sante pou leta Nouyòl la nan: 1-800-663-6114)
Kourye Elektronik: op4info@nysed.gov